Bay, pou w gen plis! Bay moso lavi

Lavi n ap viv la, se pi bèl akonplisman nou te ka fè.
Sa pa gen two lontan depi m kontre nouvo frè sa yo m genyen nan KonbitAy la. Nou chak diferan nan fason pa nou e se tout diferans sa yo menm ki fè nou rive pataje epi realize anpil bagay ansanm. Se sa m rele tolerans. Depi lè n fin pran sans mo sa, nou vin konprann lavi pa si konplike jan nou te panse l la. Lè ou aksepte yon moun nan fason l ye a, lè ou fè kè yon moun kontan, se lavi ou ba li ankò. Ou vin tankou se enèji ki rechaje batri l, e li menm li pral separe sa l resevwa nan men w lan bay moun ki bò kote l. A la bèl bagay se lè w ap fè yon moun souri, lè w se yon sous lespwa, lè w ap fè yon moun konnen kiyès li ye e ki enpòtans li gen devan je w ! Ala bèl lè w motive yon moun pou l pa janm sispann reve.
Chwa KonbitAy la se viv yonn ak lòt. Lavi pi bèl (pi plis tou) lè w pataje l.
Mwen pa janm bliye se te nan separe yon senp grenn pate mwen te rive dekouvri kòman lavi chaje pwomès ak opotinite. Se konsa m te vin konnen m pa pou kò m ak rèv mwen yo. Plis jou pase, plis bèl esperyans, e m dekouvri tèt mwen sou yon lòt fòm. M fini pa konnen kiyès mwen ye tout bon.
Pa janm kite rèv ou dèyè do w ; se li ki pa w. Pa pè defi l ta vle lanse ba w, men pa bliye sa k pi enpòtan an, se lanmou an.
Osias